|
Dow,
Morel ak Regan te dirije yon ekip 14 moun ki soti Etazini ak Repiblik
Dominikenn. Ekip la te òganize
yon gwo podiyum avèk ekleraj pou konsè 22 jiyè sou Plas Katedral la epi
yo te filme l avèk twa kamera HD. Yo te anrejistre konsè a sou aparey
dijital 24 “trak” yo pote pou itilizasyon ni nan fim nan, ni nan yon
CD yo swete fè soti nan menm moman avèk fim nan. Ekip la te filme ak
anrejistre 23 ak 24 jiyè nan Plen di Nò, tou. Epi yo te travay avèk
plizyè nan mizisyèn yo lakay yo, nan Klib Fe Vè, epi nan divès kote
Okap.
Objektif
pwojè a se prezève epi fè lemond antye konnen plis sou mizik, lakilti
avèk listwa pèp peyi d Ayiti atrave listwa Septentrional, okès ki pi
ansyen nan peyi a. Li gen 58 lane deja, ki vle di, li gen tan depase laj
mwayen lanmò moun nan peyi a, ki se 52 lane! Nan yon peyi kote koudeta,
siklonn, goumen ant Ayisyen epi enjerans etranje ap bafwe ak detwui tout
bagay, okès sa a toujou la. Poukisa? Morel avèk Regan t ap travay sou
pwojè a depi 2002. Lane denyè yo envite Dow jwenn avè yo. Yo konte
tounen nan Septanm oswa Oktòb.
Ekip pwodiksyon an ap travay pou fè SEPTENTRIONAL: FROM THE NORTH pase toupatou sou latè. Yo deja nan diskisyon avèk chenn televizyon
ameriken “PBS” (televizyon edikasyonèl ameriken), kanadyen, franse,
almay, finland avèk laswèd. Y ap travay pou fè yon CD ak liv k ap komèmore
60tyèm anivèse a sòti, tou. Dokimantè sa a gen apwui òganizasyon
ameriken ITVS, ansanm avèk Hotel Mont Joli epi Lynx Air an Ayiti.
Pou plis enfòmasyon, rele Daniel Morel oswa Jane Regan Ozetazini:
001-917-412-5734 oswa ekri yo: dmorel@wozoproductions.org,
jregan@wozoproductions.org.
Nou envite ou itlize foto sa
a gratis.
|